vendredi 29 juillet 2011

Sezon siklòn lan ap pran vitès li

Tanpèt twopikal Don
Nan 2 jou, sezon siklòn lan pral gen 2 mwa depi l kòmanse e li deja bay 4 tanpèt twopikal (Arlene, Bret, Cindy ak Don). Rete 4 mwa pou sezon siklòn  lan fini, lèn konsidere ke Out ak Septanm se mwa ki bay plis siklòn, nou gen anpil kè kase sou sa ki ka rive nan rès sezon an. 

Aktyèlman tanpèt twopikal Don ap dirije l sou Tekzas (USA), epi gen yon ond twopikal ki a 1900 km de ti zatiy yo ki gen 30 chans tounen yon siklòn dapre sit NHC.




N ap mande tout moun rete vijilan epikontinye twiv @meteyo sou twitter.
Jean Came Poulard (@meteyo)

vendredi 22 juillet 2011

90L fòme maten an nan lès ti Zantiy yo

Imaj satelit 90L
Maten 22 jiyè 2011 lan, ond Twopikal ki a 680 Km nan lès ti Zantiy yo tounen yon zòn move tan ke yo rele Invest 90L. Zòn move tan sa gen van 40 km/h ladan l, li ap deplase nan direksyon lwès nòdwès [wnw] ak yon vitès ant 24 km/h al 32 km/h.

Imaj satelit yo montre ke sistèm sa a ap òganize l de tanzantan. NHC bay sistèm sa a 20% chans pou l tounen yon depresyon twopikal nan 48 èd tan ki ap vini la yo.

Modèl enfòmatik pou 90L
Sit wèb Wunderground kòmanse mete deyò modèl enfònàmtik sou trajektwa ak entansite sistèm sa a. Modèl yo montre ke Ayiti ka twouve l sou chemen 90L nan 72 èd tan ki ap vini yo. Nan moman sa a dapre modèl entansite SHIP sistèm lan ta dwe tounen tanpèt twopikal Don [pwononse Donn] ak van ki ka rive jiska 80 km/h.

N ap mande tout moun ki an Ayiti kòmanse swiv bilten meteyo ke otorite yo ap mete deyò. Pa bliye tou swiv tout konsèy ak konsiy ke otorite yo va gen pou yo bay si 90L tounen Tanpèt Twopikal Don epi menase Ayiti jan Modèl yo montre l la.

Rete vijilan

Kèk modèl enfòmatik sou trajektwa 90L
http://i508.photobucket.com/albums/s330/HCW2008/a9ddc63e.jpg
http://my.sfwmd.gov/sfwmd/common/images/weather/plots/storm_90.gif

Jean Came Poulard [@meteyo]      
     

Libellés :

jeudi 21 juillet 2011

Ayiti ka anba premye menas siklòn li semèn pwochen

Ti wonn jonn lan se Ond Twopikal la

Sezon siklòn lan kòmanse ap antre nan faz kote kantite siklòn ki ap fòme yo ap vini pi plis e pi fò tou. Fen mwa Jiyè ak mwa Out toujou pote pi gwo tanpèt ak ouragan nan basen Karayib la ak Atlantik la. Ane sa a sanble pral konfine tout krent ke ekspè yo te gentan genyen sou kisa ki ka pase.

Gentan gen 3 tanpèt ki fòme pou ane a : Arlene - Bret ak Cindy, de dènye yo sa yo toujou aktif sou Oseyan Atlantik la.

Ond Tropikal ki ka tounen AL90 epi Don
NHC fenk kòmanse swiv yon ond twopikal ki a 1200 km ti zantiy yo e li ba li yon chans ki egal a 10% pou l tounen yon tanpèt nan pwochen 48 èd tan ki ap vini yo. Si Zòn move tan sa a ki pral pote non AL90 ta devlope li ap tounen Tanpèt Twopikal Don [pwononse Donn] e li ka premye menas serye pou ti zantiy yo e petèt pou Aytiti.
Pandan m ap mande pou tout moun swiv @meteyo pou yo ka gen bon jan enfòmasyon sou devlopman Ond Twopikal sa a, mwen ap tou di nou pou nou pa panike e swiv konsèy otorite yo va gen pou bay sizanka ta gen move tan.

Mèsi

Jean Came Poulard [@meteyo]      
       

Libellés : , , , , , , ,

mercredi 20 juillet 2011

Tanpèt Twopikal Cindy Fòme

Tanpèt twopikal Bret ak Cindy
A 4è PM jodi 20 jen an, tanpèt twopikal Cindy fòme nan lanmè Atlantik la. Cindy twouve l nan nòdès zile Bèmid. Li ap pran direksyon nòdès rapidman.
Pou kounye a Cindy pa menase okenn tè e gen anpil chans pou li rete sèlman sou lanmè.
Pita m ap poste yon blòg ak kèk kòmantè sou sezon siklòn lan.
Jean Came Poulard (@meteyo)

lundi 18 juillet 2011

Tanpèt twopikal Bret pran yon ti fòs...

Imaj satelit tanpèt Twopikal Bret

Dimanch 17 jiyè nan apre midi NHC pibliye premye avi piblik sou tanpèt twopikal Bret, ki fòme nan lès kòt Florid. Lè tanpèt la te fòme li te gen van 65 km/m ladan l. Nan dènye avi piblik ke NHC fè soti a 7 è maten an van yo te monte a 85 km/h epi tanpèt la te pran direksyon NÈ, li ap deplase ak yon vitès de 6km/h.
Otorite Bahamas dekrete alèt pou tanpèt sou zile Gran Bahamas ak Abako, avèk tout lòt zile ki nan nòdwès Bahamas.
Pou kounye Bret se yon ti tanpèt kote fòs van tanpèt yo sèlman nan yon reyon de 55km, men li ka ranfòse nan lè ki ap fini yo.

Tanpèt Bret pa menase Ayiti nan okenn fason.

Jean Came Poulard (@meteyo)      
       

dimanche 17 juillet 2011

Tanpèt twopikal Bret Fòme

Tanpèt twopikal Bret fòme sou kòt Florid Aswè a. Li gen van 60km/h ladan, li ap pran direksyon sidès. Li pa menase Ayiti, mwen ap fè yon update blòg la aswè.
Jean Came Poulard (@meteyo)