mardi 17 juillet 2012

Kòz kout van 16 jiyè 2012 la ak rezon ki fè yo pat prevwa l

Pòtoprens zòn Pako li 1h30 PM jou lendi 16 jiyè 2012 lan, yon ti lapli ak tout solèy kòmanse tonbe brid sou kou, 5 minit aprè gwo rafal van fòs tanpèt kòmanse soufle, fèy ak branch bwa kòmanse rache, panik anpare l de tout moun. Tout moun ap mande si yo te anonse siklòn, si yo te prevwa move tan. Se te reyèlman yon move tan men bat yon siklòn men pito yon ond twopikal ki ten aks li sou Ayiti.

Ki kòz fenomèn sa a ?
Ond twopikal la se pi gwo rezon ki lakòz gwo fenomèn sa a men se pa sèl kòz la. Fòk nou pa bliye ke li te fè yon vag chalè nan de jou ki sot pase yo (samdi ak dimanch), vag chalè sa a se kòz yon zòn presyon elve ki te chita sou Ayiti. Lè ond twopikal la toujou te nan depatman Sidès friksyon li kreye ant presyon pa li ki ba ak presyon ki wo sou Ayiti, kreye sa yo rele yon gradyan presyon e sak ki pwodwi van ak fòs sa yo. Fòs van yo te o mwen rive nan fòs van yon tanpèt twopikal.

Poukisa yo pat reyisi prevwa fenomèn sa a ?

Plizyè rezon lakòz meteyològ ayisyen yo te enkapab pou prevwa fenomèn ki pase lendi 16 jiyè a. Premye rezon an se rapidite fenonmèn lan parèt sou pati sid peyi. Dezyèm kòz lan se mank materyèl ak absans sant meteyolojik lokal. Dapre mesaj twitter a 12h35 fenonmèn nan te touche Belle Anse nan Sidès, si te gen yon sant meteyo Belle Anse, yo t ap ka avèti lòt kote nan peyi a, patikilyèman Pòtoprens kote fenomèn lan rive apre 1h.

Mank preparasyon lakòz okenn alèt bat bay sou Pòtoprens lakòz yon moun mouri ak 1 lot blese. Mo sa a te ka petèt evite se te gen yon sant meteyo Belle Anse ki te rapòte sa ki t ap pase e te ka pemet yon alet rapid bay sou Pòtoprens. Donk nou bezwen plis systèm meteyo ki ka pemet nou evite pedi moun pou ti krik ti krak.


Jean Came Poulard  @meteyo



1 commentaires:

À 17 juillet 2012 à 19:28 , Anonymous RUDOLPH H VICTOR RUDYVICTOR@YAHOO.COM a dit...

BONSOIR,
MWEN TA VLE AJOUTE OU PRECISION CONCERNANT GROS VENTS SA YO AK LAPLI KI TOMBE YO SI POSSIBLE,MWEN PENSE EFFECTIVEMENT QUE ONDE TROPICAL SAW TE CREE CONDITION FAVORABLE POU ACTIVITE LAPLI AK L'ORAGE SOU PAYS A, MEN VENT QUI TE SOUFFLE SOU PORT AU PRINCE AK KEK LOT KOTE .MEN TE GEN OU LOT BAGAY KI FAIT QUE YO TE SOUFFLE FOR KONSA.CE LE FAIT KE TE GEN L'AIR SEC AMPIL EN ALTITID L'AIR SAW(KI SOTI NAN ZONE AFRIK SAHARA YO) ENTRE NAN L'ORAGE YO FAIT EVAPORE AMPIL GOUTELETTES DLO ENDEDANS NUAGE YO, SA KI FAIT BAISSE TEMPERATURE NAN NIVEAU SA YO ENTRE 4 A 7 KM EN ALTITUDE).BAISSE TEMPERATURE SA YO FAIT L'AIR NAN HAUTEUR SA VIN PI DENSE (PI LOURD)LI DONC PLONGE DESCEND PARCEQUE COURANT VENT KI TAP SOPPORTE YO PAT KAB POTE YO ENCO ET COMME TE GEN L'AIR SEC TOUT EN SURFACE TE GEN EVAPORATION TOUT EN BAS NUAGE YO(PAS BLIE GOUTTE LAPLI PREND EN GENERAL TRENTE MINUTE POU LI RIVE A TERRE ) DONC SA VIN ACCELERE PROCESSUS LA KI RELE RAFALE DESCENDANTE( MICROBURST OU MACROBURST EN ANGLAIS) EN FRANCAIS YO KA SECHE SI PA GEN LAPLI KI ACCOMPAGNEL OU HUMIDE SI GEN LAPLI GEN YEN TOUT KI ENTRE LES DEUX.

MERCI

 

Enregistrer un commentaire

Abonnement Publier les commentaires [Atom]

<< Accueil