jeudi 26 avril 2012

Karayib la vle antre an aksyon !

Bonjou tout moun !
Previzyon pou vandredi
N ap kontinye pran lapli pou pwochen 24 ak 48 èd tan ki ap rapwoche la yo (vandredi ak samdi). Modèl previzyon yo montre ke Ayiti ka resevwa ant 40 al 45 milimèt lapli vandredi ak dimanch. Men fòk nou soulinye ke zòn Pòtoprens lan ta dwe resevwa mwens lapli nan samdi anviwon 30 milimèt konsa.

Previzyon pou samdi
Lapli ki tonbe dènye jou sa yo fè anpil dega nan divès pati peyi a e ta lakòz ant 6 al 9 moun mouri ak plis kè 10,000 ki ta nan bezwen èd otorite gouvènman yo ak responsab imanitè yo. Sitiyasyon sa montre a klè kijan anviwònman nou fini degrade nèt ale e depi li fè plis ke 30 milimèt lapli nan zòn gran vil ak basen vèsan mòn yo tout moun mele. Rivyè yo desann pou ti krik ti krak paske dlo yo pa pran tan pou filtre nan tèt mòn yo ak kòz pa gen pye bwa ki pou kenbe dlo e fè l desann piti piti. Si jodi a pwoblèm sa pwovoke dega tankou inondasyon ak deboulonay tè men si nan ane ki ap vini yo se rivyè yo li ap kòz ki seche ak dlo sous nou yo ak tout nap dlo ki anba tè yo. Si pa gen gwo desizyon ki pran sou koze anviwònman nan peyi isit nou menm ak pitit nou riske peye sa pi chè ke jan li ye kounye a.



Mas nyaj ki ap deplase nan basen karayib la
Yon lòt kote imaj satelit ki a kote a montre nou yon zòn loraj ak gwo lapli nan nò Panama ki ap avanse nan direksyon Nò Nòdès pou pran wout kòt sid Ayiti. Pou kounye a mas nyaj sa a poko gen okenn karakteristik twopikal e poko gen siy ki montre ke li ka genyen l, men li toujou bon pou nou gade l de pre pou wè kijan li ap evolye nan lè ak jou ki ap vini yo. 

Pwochen mizajou sou kondisyon tan ka fèt nenpòt ki lè sitiyasyon an ta ka mande sa. 


Mèsi 


Jean Came Poulard [@meteyo]

Libellés : , , ,

mercredi 25 avril 2012

Lapli sou ayiti an Avril

Imaj Satelit Basen Karayib la
Lapli kòmanse tonbe ak anpil fòs ou divès pati Ayiti depi mitan mwa mas, anpil dega gentan anrejistre nan peyi a. Sezon lapli sa a antre nan ane 2012 la ak fòs e li vini plizyè semèn an avans sou epòk li konn kòmanse, ki se an jeneral zòn fen mwa avril pou rive kòmansman mwa me.

Pandan plizyè fwa nan mwa mas 2012 ki sot pase a, imaj satelit basen karayib la te montre anpil sistèm ki akonpanye ak gwo lapli t ap pran fòm kò yo sou lanmè a. Gen de lè ou konn menm ap mande w si basen karayib la pa gentan pran yon fòm twopikal anvan lè !

Depi lendi 23 avril lapli blayi prèske san rete sou tout depatman Ayiti, tan an a kouvri ak nyaj e lapli ap tonbe ti gras pa ti gras avèk gwo kout lapli nan lanwit. Se yon fwon frèt (ki se yon mas nyaj ki soti nan zòn ki frèt sou tè a [Amerik di nò] e ki ap desann nan zòn twopikal. Sistèm sa a al fè konbinezon ak yon zòn enstabilite ki nan sid Ayiti se sa ki kreye lapli sa yo.

Depi demen nan apre midi ta dwe kòmanse gen eklèsi nan kondisyon tan sou anpil zòn nan peyi a, men se vandredi ke kondisyon yo ap vini nòmal. Men fòk nou pa bliye ke nou pral pwoche sou mwa me e sezon lapli a pral rive nan pi gwo pwen li, donk amelyorasyon vandredi a pap twò dire.

Mèsi @meteyo [Jean Came Poulard]

Libellés : , , , , ,