lundi 6 août 2012

Lis siklon ki gentan pase ak sa ki gen pou pase pou sezon 2012 lan

Men lis non siklòn pou sezon 2012 lan 






Alberto

Beryl

Chris

Debby

Ernesto

Florence

Gordon


Helene




Isaac


Joyce



Kirk


Leslie



Michael
Nadine
Oscar
Patty
Rafael
Sandy
Tony
Valerie
William

Men lis siklon ki te pase an 2011

jeudi 2 août 2012

Tanpèt twopikal Ernesto fòme

Senkyèm tanpèt twopikal pou sezon 2012 lan fòme apre midi jedi 2 out la nan lès zile van yo (Ti Antiy). Ernesto gen van ladan l ki ap soufle a 85 km/h epi li ap pran direksyon lwès ak yon vitès 32km/h.

Modèl trajektwa ak entansite ofisyèl NHC yo pou Ernesto poko montre okenn danje dirèk pou Ayiti. Men kòm Ayiti frajil a koz degradasyon anviwonnman l Sant Nasyonal Meteyoloji dekrekte alèt jòn sou Ayiti pandan n ap tann pasaj Ernesto.

Si Ernesto kenbe kap li jan li prale la, Ayiti dwe atann li ak gwo lapli sou kòt sid li soti samdi pou rive dimanch.

Yon lòt analiz sou Ernesto se pou vandredi 3 out nan apre  midi.

Jean Came Poulard @meteyo