vendredi 25 janvier 2013

Lapli mwa janvye sou plizye zon nan peyi a

Yon fwon frèt ap travèse Ayiti nan moman sa a e sa lakòz kè aktivite lapli yo kòmanse sou anpil pati nan peyi. Li deja tonbe de fwa pou mwa janvye a nan kapital la ak zòn ki sou kote l yo.

Lapli sa yo ap kontinye e yo gen lyen dirèk ak vag tan frèt ki genyen nan amerik di nò yo. Kondisyon lapli chak swa sa a ka rete sou Ayiti pou kèk jou ankò. 

Entansite lapli yo pa twò enpòtan men kèk gwo kout lapli ka rete posib nan kèk zòn sitou nan tèt mòn yo.

Mèsi

Jean Came Poulard (@meteyo)

vendredi 18 janvier 2013

Kisa nou ka fè kòm sitwayen pou anviwònman an?

Premye janvye 2013 nan diskou Prezidan Repiblik la Ekselans Michèl Martely mande pou chak Ayisyen plante yon pye bwa e konsakre ane 2013 lan kòm ane anviwònman. Kisa nou chak ka fè pou nou remanbre anviwònman peyi a epi pou nou ede prezidan an ak diskou yon pye yon ayisyen yon pye bwa ? Jodi a n ap pale de sa nou ka fè pou nou de plante plis pye bwa nan peyi.

Pou rebwaze peyi a n ap bezwen fè pouse anpil ti pye bwa e li ta preferab ke nou fè pouse pye bwa ki se fwi konsa peyizan yo ak moun ki ap viv de la te ava tire yon sous lajan nan mòd rebwazman sa a. Nou pral bezwen anpil pepinyè pou nou ka reyisi yon pwogram rebwazman serye. Men fè pepinyè mande anpil mwayen kit li se moun kit li se mwayen lajan. Men yon ti plan ki ka pèmèt chak sitwayen ede leta jwenn ti pye bwa pou yo mete nan tè pou lite kont debwazman epi pwoteje anviwònman.

-->
Chak Ayisyen ka gen yon ti pepinyè lakay li.
Pou n evite depanse yon pakèt kòb nan fè gwo pepinyè ki ka pa menm efikas se pito fè yon konbit nasyonal kote chak sitwayen ka transfòme ti espas yo gen nan lakou yo pou plante ti pye bwa a pati te grenn fwi ke yo konsome.
Men sa y ap bezwen pou fè ti pepinyè sa yo :

1) Yon ti espas nan lakou ki ka pou pi piti 2m pa 2m (sa vle di 2 pas longè ak 2 pa lajè), espas sa a dwe nan yon ti lonbraj men pa twòp.
2) Yon kantite sachè plastik (tankou sachè pen tranche ak tout lòt sachè ki dwat fèt an plastik ki pa twò mòl e ki gen fòm yon silend)
3) Te nwa ak fimye si li posib (Nan yon lòt blòg n ap aprann ou kijan ou ka pwodwi pwòp fimye pa w)
4) Grenn fwi tankou : chadèk, zoranj dous, zaboka, mango (sitou sa ki pi siperyè yo), seriz, kowosòl, kachiman, kenèp ak  tout lòt fwi nou abitye manje lakay nou. Nou dwe seche grenn fwi sa yo san nou pa ekspoze yo nan gwo solèy.
5) Plen sachè yo ak tè epi mete de grenn wi nou vle a (sòf pou mango ak zaboka nou ka mete yon sèl) epi awoze li chak maten ak chak swa jistan plant lan pouse, kontinye menm rejim awozaj la jistan ou santi plant lan bon pou ale nan tè.


Apre faz pepinyè a nou dwe voye ti plant sa yo nan tèt mòn yo pou peyizan yo plante yo sou tè yo pou fè rebwazman.


Ann di ta gen 4 milyon fanmi an Ayiti e ke chak fanmi pwodwi pou piti 20 ti pye bwa chak 6 mwa nan 1 an se plis ke 160 milyon ti pye bwa n ap ka founi ak peyi a pou rebwaze l.

Mèsi anpil dèske ou pral swiv konsèy nou yo. 


Jean Came Poulard (@meteyo)

Meteyo 18 Janvye 2013

Tanperati maksimòm : 26 degre
Van : 0km/h
 Imidite : 65%
Lapli : 0mm
Presyon : 1020 mbar

Sous -> http://www.weatherlink.com/user/cattspressoir/

Mèsi

Jean Came Poulard (@meteyo)

jeudi 17 janvier 2013

Meteyo 17 janvye 2013

Tanperati maksimòm : 26 degre
Van : 5km/h soti nan direksyon Sid-Sidwès
Imidite : 72%
Lapli : 0mm
Presyon : 1017 mbar

Sous -> http://www.weatherlink.com/user/cattspressoir/

Mèsi

Jean Came Poulard (@meteyo)

mercredi 16 janvier 2013

Meteyo 16 janvye 2013

Tanperati maksimòm : 30 degre
Van : 2km/h soti nan direksyon Sid-Sides
Imidite : 50%
Lapli : 0mm
Presyon : 1015 mbar

Sous -. http://www.weatherlink.com/user/cattspressoir/

Mesi

Jean Came Poulard (@meteyo)

vendredi 11 janvier 2013

Leson sou anviwònman sezon siklòn 2012 lan

Avan mwen antre nan mitan sijè nou ap trete jodi a kite m fe yon ti pale ak nou sou ribrik tou nèf sa nou deside mete sou blòg la chak vandredi swa. Ayiti malad nan anviwònman li jouk nan zo e nou paka rete bwa kwaze an tan ke sitwayen ki enterese ak sa ki byen pou lavni peyi n, se konsa nou deside pibliye yon ti biye sou zafè anviwònman chak semèn pou fe bon jan analiz sou pwoblèm ki ap brase bil nou epi pwopoze solisyon ki ka rete pou yon bon bout tan. Depi nou kapab n ap ekri sou zafè sa a chak vandredi nan aswè. N ap tann kòmantè w pou pèmèt nou vanse nan objektif pou nou gen yon Ayiti vèt.

 Sezon Siklòn 2012 lan pat nan betiz ak Ayiti, e li kite tras jouk jounen jodi a. Nou te frape pa 2 move tan ki te rive nan kategori tanpèt twopikal pandan pasaj yo sou Ayiti. An premye Isaac ki te frape nou nan fen mwa Dawout 2012 la, epi Sandy ki te afekte n nan mwa Oktòb 2012. Tanpèt sa yo fe anpil dega epi pote ale lavi anpil kretyen vivan. Ki leson sou zafè anviwònman nou ka tire de yo e kisa ki ka fèt pou nou evite nan yon tan ki pa twò long tout kalite dega sa yo ? Se ak kesyon sa nou pral eseye reponn nan rès tèks sa a.

Pi gwo dega siklòn fe an Ayiti depi dènye 30 lane sa yo se inondasyon e sezon siklòn 2012 lan pat soti nan lojik sa. Rezon inondasyon sa yo se pwoblèm debwazman nan tèt mòn yo avèk kanalizasyon ki pa janm byen jere nan gwo vil nou yo. Leson pou n tire yo kle fòk nou aji sou de bagay si nou vle diminye fòs inondasyon lè gen siklòn se aji sou debwazman ak sou yon pi bon jesyon sistèm kanalizasyon vil nou yo. Depi plizyè lane y ap pale de rebwazman nan peyi a san rete men rezilta yo sanble pa twò gwo ke sa. Men tout moun ap dakò se paske pwoblèm lan mal abòde ki lakòz tout pil echèk divès kanpay rebwazman sa yo. Kisa ki ta dwe fèt ? Ki metòd otorite yo ta dwe itilize pou rebwaze epi repare basen vèsan nou yo ?

Solisyon ki pou bay la se dwe yon solisyon dirab ki ta dwe enplike tout moun nan kominote ki konsène pa pwogram rebwazman ak pwoteksyon anviwònman yo. Fòk se sitwayen zòn sa yo ki pou mete men nan pat la depi nan konsepsyon pwogram yo jis pou rive an mete yo chita an plas. Epi se pa plante pye bwa pou plante pye bwa ki dwe sousi a men pito plante pye bwa ki ka tounen sous lajan pou relanse pwodiksyon zòn ki ap konsène pa rebwazman yo.

Leson ke ane siklòn 2012 lan montre se ke nou dwe aji kounye a e nou paka tann plis tan pou n pase a aksyon. Nan pwochen blòg nou an n ap analize sa chak sitwayen ka fe pou itil peyi a nan yon kanpay rebwazman.

Jean Came Poulard @meteyo