vendredi 18 janvier 2013

Kisa nou ka fè kòm sitwayen pou anviwònman an?

Premye janvye 2013 nan diskou Prezidan Repiblik la Ekselans Michèl Martely mande pou chak Ayisyen plante yon pye bwa e konsakre ane 2013 lan kòm ane anviwònman. Kisa nou chak ka fè pou nou remanbre anviwònman peyi a epi pou nou ede prezidan an ak diskou yon pye yon ayisyen yon pye bwa ? Jodi a n ap pale de sa nou ka fè pou nou de plante plis pye bwa nan peyi.

Pou rebwaze peyi a n ap bezwen fè pouse anpil ti pye bwa e li ta preferab ke nou fè pouse pye bwa ki se fwi konsa peyizan yo ak moun ki ap viv de la te ava tire yon sous lajan nan mòd rebwazman sa a. Nou pral bezwen anpil pepinyè pou nou ka reyisi yon pwogram rebwazman serye. Men fè pepinyè mande anpil mwayen kit li se moun kit li se mwayen lajan. Men yon ti plan ki ka pèmèt chak sitwayen ede leta jwenn ti pye bwa pou yo mete nan tè pou lite kont debwazman epi pwoteje anviwònman.

-->
Chak Ayisyen ka gen yon ti pepinyè lakay li.
Pou n evite depanse yon pakèt kòb nan fè gwo pepinyè ki ka pa menm efikas se pito fè yon konbit nasyonal kote chak sitwayen ka transfòme ti espas yo gen nan lakou yo pou plante ti pye bwa a pati te grenn fwi ke yo konsome.
Men sa y ap bezwen pou fè ti pepinyè sa yo :

1) Yon ti espas nan lakou ki ka pou pi piti 2m pa 2m (sa vle di 2 pas longè ak 2 pa lajè), espas sa a dwe nan yon ti lonbraj men pa twòp.
2) Yon kantite sachè plastik (tankou sachè pen tranche ak tout lòt sachè ki dwat fèt an plastik ki pa twò mòl e ki gen fòm yon silend)
3) Te nwa ak fimye si li posib (Nan yon lòt blòg n ap aprann ou kijan ou ka pwodwi pwòp fimye pa w)
4) Grenn fwi tankou : chadèk, zoranj dous, zaboka, mango (sitou sa ki pi siperyè yo), seriz, kowosòl, kachiman, kenèp ak  tout lòt fwi nou abitye manje lakay nou. Nou dwe seche grenn fwi sa yo san nou pa ekspoze yo nan gwo solèy.
5) Plen sachè yo ak tè epi mete de grenn wi nou vle a (sòf pou mango ak zaboka nou ka mete yon sèl) epi awoze li chak maten ak chak swa jistan plant lan pouse, kontinye menm rejim awozaj la jistan ou santi plant lan bon pou ale nan tè.


Apre faz pepinyè a nou dwe voye ti plant sa yo nan tèt mòn yo pou peyizan yo plante yo sou tè yo pou fè rebwazman.


Ann di ta gen 4 milyon fanmi an Ayiti e ke chak fanmi pwodwi pou piti 20 ti pye bwa chak 6 mwa nan 1 an se plis ke 160 milyon ti pye bwa n ap ka founi ak peyi a pou rebwaze l.

Mèsi anpil dèske ou pral swiv konsèy nou yo. 


Jean Came Poulard (@meteyo)

0 commentaires:

Enregistrer un commentaire

Abonnement Publier les commentaires [Atom]

<< Accueil