mercredi 25 avril 2012

Lapli sou ayiti an Avril

Imaj Satelit Basen Karayib la
Lapli kòmanse tonbe ak anpil fòs ou divès pati Ayiti depi mitan mwa mas, anpil dega gentan anrejistre nan peyi a. Sezon lapli sa a antre nan ane 2012 la ak fòs e li vini plizyè semèn an avans sou epòk li konn kòmanse, ki se an jeneral zòn fen mwa avril pou rive kòmansman mwa me.

Pandan plizyè fwa nan mwa mas 2012 ki sot pase a, imaj satelit basen karayib la te montre anpil sistèm ki akonpanye ak gwo lapli t ap pran fòm kò yo sou lanmè a. Gen de lè ou konn menm ap mande w si basen karayib la pa gentan pran yon fòm twopikal anvan lè !

Depi lendi 23 avril lapli blayi prèske san rete sou tout depatman Ayiti, tan an a kouvri ak nyaj e lapli ap tonbe ti gras pa ti gras avèk gwo kout lapli nan lanwit. Se yon fwon frèt (ki se yon mas nyaj ki soti nan zòn ki frèt sou tè a [Amerik di nò] e ki ap desann nan zòn twopikal. Sistèm sa a al fè konbinezon ak yon zòn enstabilite ki nan sid Ayiti se sa ki kreye lapli sa yo.

Depi demen nan apre midi ta dwe kòmanse gen eklèsi nan kondisyon tan sou anpil zòn nan peyi a, men se vandredi ke kondisyon yo ap vini nòmal. Men fòk nou pa bliye ke nou pral pwoche sou mwa me e sezon lapli a pral rive nan pi gwo pwen li, donk amelyorasyon vandredi a pap twò dire.

Mèsi @meteyo [Jean Came Poulard]

Libellés : , , , , ,

0 commentaires:

Enregistrer un commentaire

Abonnement Publier les commentaires [Atom]

<< Accueil