jeudi 22 septembre 2011

Ophelia ak van 100 km/h

Modèl enfòmatik trajektwa Ophelia 

A 4h00AM tapèt twopikal Ophelia te lokalize l nan kowòdone sa yo : 13.4 degre Nò 47 degre lwès, ki se yon distans de 1640 km nan lès ti zantiy [Zile van yo]. Ophelia ap deplase nan direksyon lwès ak yon vitès 22 km/h. Van yo ap soufle ak yon vitès de 100 km/h nan Ophelia, pifò van sa yo rete nan pati nò tanpèt la. Presyon nan sant Ophelia estime a 994 mb. 

Tout modèl enfòmatik yo kontinye konfime ke Ophelia pap reprezante yon menas pou Karayib la ni pou Ayiti. Men kòm twajektwa tanpèt twopikal yo toujou ap chanje, n ap kontinye swiv sa Ophelia ap fèt nan oseyan Atlantik la. 

Mèsi
Jean Came Poulard [@meteyo]        
         

0 commentaires:

Enregistrer un commentaire

Abonnement Publier les commentaires [Atom]

<< Accueil