mercredi 21 septembre 2011

Ophelia ap ranfòse l seryèzman

Imaj Satelit Ophelia a 11h45 AM (21/09/2011)
A 10hAM Ophelia ap ranfòse l seryèzman sou oseyan Atlantik la. Van yo monte a 95 km/h pou kounye a. Ophelia trouve l nan yon distans de 2005 km nan lès ti zantiy [zile van yo]. Van fòs tanpèt yo blayi nan yon zòn ki gen yon reyon de 280 km depi sant lan. Ophelia ap deplase nan direksyon lwès.

Modèl yo kontinye ap pèsiste pou montre ke Ophelia pap afekte Ayiti, men n ap rete swiv trajektwa Ophelia 24/24.

Jean Came Poulard [@meteyo]

0 commentaires:

Enregistrer un commentaire

Abonnement Publier les commentaires [Atom]

<< Accueil