mardi 20 septembre 2011

Tanpèt twopikal Ophelia fòme aswè a 2555 km nan lès sidès ti zantiy yo

Previzyon trajektwa pou 5 jou pou Ophelia

Aswè a vè 9h45 [lè Ayiti] NHC sinyale ke tanpèt twopikal Ophelia fòme nan mitan oseyan Atlantik la a yon distans 2555 km nan lès sidès ti zantiy yo. Depi plisyè jou zòn move tan ke yo rele 98L la te kontinye ap montre anpil siy òganizasyon e li finalman tounen yon tanpèt twopikal.

A 9h45 aswè a NHC lokalize tanpèt twopikal Ophelia nan pozisyon 12.2 degre Nò ak 40.1 degre Lwès, ki se yon distans 2555 km nan lès sidès ti zantiy yo. Ophelia ap deplase nan direksyon lwès ak yon vitès 15 km/h, li gen van 65 km/h ladan l.

Modèl Trajektwa pou Ophelia

Modèl trajektwa yo divèjan anpil. Si NHC ak anpil lòt modèl montre ke Ophelia ta dwe pase nan Nòdès Pòtoriko. Sèl GFDL montre ke Ophelia ta dwe antre nan mitan basàen karayib la.

Pou kounye tanpèt twopikal Ophelia pa reprezante yon menas pou Ayiti men nou ap kontinye swiv li pandan semèn sa a pou asire n de trajektwa l.

Mèsi
Jean Came Poulard [@meteyo]

Libellés :

0 commentaires:

Enregistrer un commentaire

Abonnement Publier les commentaires [Atom]

<< Accueil