Tanpèt Twopikal Emily ap Menase Ayiti
![]() |
Imaj satelit tanpèt Emily |
Tanpèt twopikal Emily fòme apre midi a 6h30. Li plase l a 80 Km nan lwès sidwès zile la Dominik. Emily ap deplase nan direksyon lwès ak yon vitès 28 Km/h. Van nan Emily gen yon fòs de 65 km/h.
Men tèsk alèt NHC a.
Gouvènman Ayiti a dekrete on alèt a vèy siklonik sou tout teritwa Ayiti. Alèt a vèy siklonik vle di ke kondisyon tanpèt [Gwo kout van ak gwo lapli] ka blayi sou Ayiti nan pwochen 48 èd tan ki ap vini la yo.
Modèl NHC yo montre ke tanpèt Emily ka touche Sendomeng nan yon zòn ki tou pre fwontyè ak Ayiti nan mèkredi aprè midi.
Ki enpak Emily pral genyen sou Ayiti

N ap mande tout moun rete vijilan pandan nan veye pasaj Emily. @meteyo ap fè tout efò ki nan mwayen l pou kenbe tout moun enfòme sou kont twitter li. Kontinye fè zanmi w an Ayiti swiv meteyo sou twitter depi telefòn selilè yo pandan y ap voye ON METEYO nan 40404.
Mèsi Tout Moun Kenbe la pa lage.
Jean Came Poulard (@meteyo)
0 commentaires:
Enregistrer un commentaire
Abonnement Publier les commentaires [Atom]
<< Accueil