mercredi 21 septembre 2011

Ophelia kontinye ap deplase sou oseyan Atlantik la

Maten an a 4è tanpèt twopikal Ophelia  te twouve l a yon distans de 2200 km nan lès ti zantiy yo. Lap deplase nan direksyon lwès ak yon vitès de 20 km/h. Ophelia pran yon ti fòs kote van yo sòti nan 65 km/h pou yo rive kounye a 75km/h.

Modèl enfòmatik previzyon sou trajektwa Ophelia kòmanse pi konsistan e yo montre ke Ophelia ta dwe rete lwen Ayiti. Mòdèl entensite SHIPS montre ke Ophelia pa ta dwe depase nivo tanpèt twopikal.
Ophelia se kenzyèm tanpèt twopikal pou sezon an ki ta dwe rive nan bout li 30 novanm.

Mèsi
Jean Came Poulard (@meteyo)

0 commentaires:

Enregistrer un commentaire

Abonnement Publier les commentaires [Atom]

<< Accueil