lundi 26 septembre 2011

Ophelia mouri epi Phillipe pap menase tè

Tanpèt twopikal Ophelia mouri yè apre midi a 4è, li tounen yon mas nyaj dezòganize nan lès ti zantiy yo.
Gwo van sizayman nan wotè se youn nan pi gwo kòz destriksyon Ophelia. Maten an NHC bay 20% chans ou rès Ophelia ta rejenere, men yo presize ke van nan wotè yo rete defavorab pou tanpèt fòme. Nenpòt kijan rès Ophelia ka pote lapli ak kout van sou ti zantiy.

Pi lwen sou oseyan Atlantik la, tanpèt Phillipe kontinye ap deplase nan direksyon lwès nòdwès. Phillipe pa yon menas pou okenn peyi.

Yon lòt kote, gwo lapli ap kontinye tonbe sou divès pati Ayiti pita ak de ou twa jou ki ap vini la yo. Lapli sa yo ka lakòz inodasyon lokalize nan zòn frajil yo. Swiv tout konsèy pwoteksyon sivil ap lanse pou w pa viktim.

Jean Came Poulard @meteyo

0 commentaires:

Enregistrer un commentaire

Abonnement Publier les commentaires [Atom]

<< Accueil