vendredi 30 septembre 2011

Ophelia tounen yon ouragan Kategori 2 - Lapli ak kontinye sou Ayiti

Maten an a 7e Ophelia te twouve l a 1070 km nan Sid zile Bèmid. Ophelia gen van ki ap soufle ladan l a 165 km/h, li se yon ouragan kategori 2. Li ap deplase nan direksyon Nò Nòdwès ak yon vitès 15km/h.

Ophelia toujou ap sible bèmid nan trajektwa ke li ap pran pou kounye a.

Ophelia pa reprezante okenn menas pou Ayiti.

Yon lòt kote lapli ap kontinye tonbe sou Ayiti, sitou depatman tankou Sant, Latibonit, Sidès, Lwès, Sid, Nip ak Grandans. Laplis sa yo ka lakòz inodasyon lokalize nan zòn ki pi a risk nan peyi a. N ap mande tout mou rete vijilan epi swiv konsèy otorite yo.

Mèsi
Jean Came Poulard [@meteyo]

0 commentaires:

Enregistrer un commentaire

Abonnement Publier les commentaires [Atom]

<< Accueil