jeudi 29 septembre 2011

Ophelia resisite e li tounen yon ouragan kategori 1

Ophelia ki te yon tanpèt ki te mouri nan fen semenn pase a te repran fòs ayè e te kontinye ap ranfòse l apre a midi a 4e li tounen yon Ourgan kategori 1. Ophelia se katryèm Ouragan ke sezon 2011 lan pote Kounye a Ophelia ap deplase nan Direksyon Nò Nòdwès ak yon vitès 15 km/h. Fòs van nan Ophelia rive a 120 km/h. Pou kounye Ophelia ap menase zile Bèmid kote otorite yo dekrete vèy a tanpèt sou zile sa a.

Ophelia pa reprezante okenn menas pou Ayiti.

Jean Came Poulard [@meteyo]  

0 commentaires:

Enregistrer un commentaire

Abonnement Publier les commentaires [Atom]

<< Accueil