vendredi 30 septembre 2011

Ophelia se yon ouragan kategori 3 kounye a

Maten an a 11e Ophelia te twouve l a 1000 km nan Sid Sidès zile Bèmid. Ophelia gen van ki ap soufle ladan l a 185 km/h, li se yon ouragan kategori 3. Li ap deplase nan direksyon Nò Nòdwès ak yon vitès 19km/h.

Ophelia toujou ap sible bèmid nan trajektwa ke li ap pran pou kounye a.

Ophelia pa reprezante okenn menas pou Ayiti.

Yon lòt kote lapli ap kontinye tonbe sou Ayiti, sitou depatman tankou Sant, Latibonit, Sidès, Lwès, Sid, Nip ak Grandans. Laplis sa yo ka lakòz inodasyon lokalize nan zòn ki pi a risk nan peyi a. N ap mande tout mou rete vijilan epi swiv konsèy otorite yo.

Mèsi

0 commentaires:

Enregistrer un commentaire

Abonnement Publier les commentaires [Atom]

<< Accueil