vendredi 11 janvier 2013

Leson sou anviwònman sezon siklòn 2012 lan

Avan mwen antre nan mitan sijè nou ap trete jodi a kite m fe yon ti pale ak nou sou ribrik tou nèf sa nou deside mete sou blòg la chak vandredi swa. Ayiti malad nan anviwònman li jouk nan zo e nou paka rete bwa kwaze an tan ke sitwayen ki enterese ak sa ki byen pou lavni peyi n, se konsa nou deside pibliye yon ti biye sou zafè anviwònman chak semèn pou fe bon jan analiz sou pwoblèm ki ap brase bil nou epi pwopoze solisyon ki ka rete pou yon bon bout tan. Depi nou kapab n ap ekri sou zafè sa a chak vandredi nan aswè. N ap tann kòmantè w pou pèmèt nou vanse nan objektif pou nou gen yon Ayiti vèt.

 Sezon Siklòn 2012 lan pat nan betiz ak Ayiti, e li kite tras jouk jounen jodi a. Nou te frape pa 2 move tan ki te rive nan kategori tanpèt twopikal pandan pasaj yo sou Ayiti. An premye Isaac ki te frape nou nan fen mwa Dawout 2012 la, epi Sandy ki te afekte n nan mwa Oktòb 2012. Tanpèt sa yo fe anpil dega epi pote ale lavi anpil kretyen vivan. Ki leson sou zafè anviwònman nou ka tire de yo e kisa ki ka fèt pou nou evite nan yon tan ki pa twò long tout kalite dega sa yo ? Se ak kesyon sa nou pral eseye reponn nan rès tèks sa a.

Pi gwo dega siklòn fe an Ayiti depi dènye 30 lane sa yo se inondasyon e sezon siklòn 2012 lan pat soti nan lojik sa. Rezon inondasyon sa yo se pwoblèm debwazman nan tèt mòn yo avèk kanalizasyon ki pa janm byen jere nan gwo vil nou yo. Leson pou n tire yo kle fòk nou aji sou de bagay si nou vle diminye fòs inondasyon lè gen siklòn se aji sou debwazman ak sou yon pi bon jesyon sistèm kanalizasyon vil nou yo. Depi plizyè lane y ap pale de rebwazman nan peyi a san rete men rezilta yo sanble pa twò gwo ke sa. Men tout moun ap dakò se paske pwoblèm lan mal abòde ki lakòz tout pil echèk divès kanpay rebwazman sa yo. Kisa ki ta dwe fèt ? Ki metòd otorite yo ta dwe itilize pou rebwaze epi repare basen vèsan nou yo ?

Solisyon ki pou bay la se dwe yon solisyon dirab ki ta dwe enplike tout moun nan kominote ki konsène pa pwogram rebwazman ak pwoteksyon anviwònman yo. Fòk se sitwayen zòn sa yo ki pou mete men nan pat la depi nan konsepsyon pwogram yo jis pou rive an mete yo chita an plas. Epi se pa plante pye bwa pou plante pye bwa ki dwe sousi a men pito plante pye bwa ki ka tounen sous lajan pou relanse pwodiksyon zòn ki ap konsène pa rebwazman yo.

Leson ke ane siklòn 2012 lan montre se ke nou dwe aji kounye a e nou paka tann plis tan pou n pase a aksyon. Nan pwochen blòg nou an n ap analize sa chak sitwayen ka fe pou itil peyi a nan yon kanpay rebwazman.

Jean Came Poulard @meteyo

0 commentaires:

Enregistrer un commentaire

Abonnement Publier les commentaires [Atom]

<< Accueil