Meteyo
Meteyo se yon blòg ki ap bay enfòmasyon sou kondisyon tan an nan lang kreyòl. Nou vize Ayisyen ki ap viv an Ayiti. Pandan sezon siklòn lan ki kòmanse an Jen pou l fini an Novanm, meteyo ap bay enfòmasyon meteyo epi fè analiz sou kijan sistèm twopikal yo ap evolye nan basen Atlantik/Karayib la.
lundi 6 août 2012
jeudi 2 août 2012
Tanpèt twopikal Ernesto fòme
Senkyèm tanpèt twopikal pou sezon 2012 lan fòme apre midi jedi 2 out la nan lès zile van yo (Ti Antiy). Ernesto gen van ladan l ki ap soufle a 85 km/h epi li ap pran direksyon lwès ak yon vitès 32km/h.
Modèl trajektwa ak entansite ofisyèl NHC yo pou Ernesto poko montre okenn danje dirèk pou Ayiti. Men kòm Ayiti frajil a koz degradasyon anviwonnman l Sant Nasyonal Meteyoloji dekrekte alèt jòn sou Ayiti pandan n ap tann pasaj Ernesto.
Si Ernesto kenbe kap li jan li prale la, Ayiti dwe atann li ak gwo lapli sou kòt sid li soti samdi pou rive dimanch.
Yon lòt analiz sou Ernesto se pou vandredi 3 out nan apre midi.
Jean Came Poulard @meteyo