mardi 31 mai 2011

Zòn move tan nan Nò Panama poko ka òganize l, Plis lapli pral tonbe sou Ayiti

Zòn move tan nan Nò Panama
Imaj satelit basen karayib la a 8h15 PM
Imaj satelit yo montre ke zòn move tan nan Nò Panama a poko ka òganize l an yon depresyon. Van lwès ki an altitid yo toujou fò nan zòn nan e yo anpeche yon sikilasyon siklonik tabli sou mas nyaj ki sou lanmè nan Nò Panama a. Maten an pasaj yon satelit meteyo te montre ke gen van a 42 km/h nan sistèm lan, men yo pat remake okenn sikilasyon ki ale nan sans kontre ak egwi yon mont. Yo poko tou jwenn van ki soti nan direksyon lwès nan sistèm lan. Lòt siy ki montre ke sistèm lan pap òganize l se presyon an ki toujou rete stab e ki poko bese.

Anpil lapli sou Ayiti
Zòn move tan nan Nò Panama kreye yon enstabilite nan atmosfè basen karayib la, enstabilite sa a kontinye fasilite anpil gwo lapli tonbe sou tout zile Ayiti a. Nan 54 èd tan ki ap vini la yo aktivite lapli yo pral ogmante anpil sou tout Ayiti, modèl yo prevwa jiska 125 mm lapli nan yon jounen.

Pa bliye pandan peryòd lapli sa yo pou nou swiv konsèy tout otorite peyi a pou nou pa viktim. Men kèk rapèl ki ap bon pou nou :
1) Pa travèse rivyè lè dlo a ap desann. Pa fè sa menm lè ou konn naje paske fòs kouran ka toujou pote w ale.
2) Si w abite nan zòn kote dlo abitye desann deplase al yon lòt kote.
3) Veye deboulonnay tè nan tèt mòn yo.
4) Pa fè gwo deplasman al an pwovens si w pa bezwen.

Nan sezon siklòn lan se rete tèt frèt swiv konsèy medya yo ap otorite yo.

Sezon siklòn lan kòmanse

Imaj satelit basen karayib la maten 31 me 2011
Demen premye Jen, sezon siklòn lan pral kòmanse nan basen karayib ak atlantik la. Blòg sa a se yon espas ki pral pèmèt bon jan enfòmasyon pibliye sou tout sa ki gen pou wè ak zafè tan an soti premye jen rive 30 novanm.

Nou pral fè bon analiz sou fòmasyon zòn move tan ak siklòn, konsa tout moun ap ka byen enfòme de tout sa ki ap pase.  

Paj sa se pwolongasyon travay nou te kòmanse avèk kont twitè @meteyo. N'ap mande tout moun ede n nan difizyon bon jan enfòmasyon sou meteyo.

Kijan blòg sa pran fonksyone? 
Objektif nou se bay enfòmasyon sou sistèm meteyolojik twopikal yo. N ap pibliye yon nouvo atik chak fwa ke kondisyon tan an bay nesans  ak yon sistèm twopikal ki gen chans afekte peyi Ayiti osinon yon zòn ki gen anpil ayisyen tankou sid Florid ak Sendomeng. Nou ap fè analiz epi releye analiz ke lòt sit meteyo fè tankou Wunderground.com ak NHC. San bliye piblikasyon konsèy ak lòd otorite yo bay pou deplasman moun ak pwoteje lavi ak byen an jeneral pandan sezon siklòn lan. Se pral yon espas konsèy tou, pou tout moun ka okouran nan lang manman yo de sa ki ap pase e ki pi bon desizyon pou yo pran.

Pou n fini, kòm nou konnen ke pifò moun nan Peyi a pa gen aksè a Entènèt, nou ta renmen lòt media yo ak moun ki bay enfòmasyon sou twitè sms ede n simaye nouvèl ki ap tonbe sou blòg sa a.

Mèsi anpil

Jean Came Poulard (@meteyo)