lundi 22 août 2011

Ouragan Irene yon gwo menas pou kòt Nò Ayiti

Imaj Satelit Ouragan Irene
Premye ouragan sezon 2011 lan Irene sanble pa deside ale san li pa kite non l nan listwa. Yè swa pandan Irene te ap rapwoche l te Pòtoriko, li te tanmè yon peryòd entansifikasyon rapid e nan kèlke èd tan li tounen yon Ouragan kategori 1. Irene gentan pase sou Pòtoriko nan lanwit 21 pou rive 22 Out kote li fè kèk dega. Irene pran direksyon kòt nòdès peyi Sendomeng e pandan mwen ap ekri liy sa yo [7hPM] Irene tounen yon Ouragan kategori 2. 


Enpak Irene sou Ayiti
Model Previzyon Ouragan Iren
Band lapli ki asosye ak Irene ki ap rapwoche l te Potoprens
Irene pral pase prèske paralèl ak kòt nò Ayiti. Kote zòn ki tou pre lanmè nan depatman Nòdès, Nò ak Nòdès ka resevwa van ki gen fòs tanpèt. Dapre analyz ke mwen fè ki baze sou imaj satelit ak pwojeksyon trajektwa NHC ak plisyè lòt modèl enfòmatik Ouragan Iren ka gen enpak sou tout 10 depatman Ayiti yo. Donk alèt wouj ke gouvènman an dekrete a jistifye. Deja itilizatè twitter @horty227 fè nou jwenn imaj premye band lapli ki ap rapwoche yo te pòtoprens. Plisyè lòt rapò sou twitter konfime enfòmasyon sa a. 
Irene se yon Ouragan ki laj anpil e li ap mache ak yon mas lapli ki enpresyonan. Mas lapli sa a ka bay gwo pwoblèm nan depatman sa yo : Nòdès, Nò, Nòdwès, Sant ak latibonit. Lapli ki nan Irene yo ka bay pwoblèm modere sou depatman Lwès ak dènye pwent sidès. Depatman Sid, Grandans ak Nip ka resevwa lapli ki pi fèb. 

N ap eseye kenbe tout moun enfòme de evolisyon Irene depi nou ka kenbe yon koneksyon Intenèt. 

Mèsi 

Jean Came Poulard @meteyo

samedi 20 août 2011

Tanpèt Twopikal Irene Fòme


Trajektwa Irene

Tanpèt twopikal Irene fòme aswè a a 6 zè PM.Li fòme a 345 km nan lès Gwadloup. Irene ap deplase ak yon vitès 35 km/h. Li gen van ki ap soufle ak yon fòs 85 km/h.

Modèl previzyon yo montre ke Irene ka reprezante yon menas pou Ayiti nan lanwit lendi pou louvri madi tout lajounen.

NHC bay ant 30% al 40% chans pou van fòs tanpèt soufle sou tout Ayiti, sa vle di van ki siperyè ou egal ak 63 km/h.

Pozisyon Irene
Pi gwo menas ke Irene pral reprezante pou Ayiti se pral gwo lapli ki pral blayi sout tou peyi a depi lendi an apre midi rive madi nan aswè.

Nou mande tout moun swiv konsèy ak konsiy otorite yo pandan pasaj Irene.        
Imaj satelit Irene


         

vendredi 12 août 2011

Kat zòn move tan sou Atlantik la

Akalmi an fini sou Atlantik la
Apre prèske de semèn akalmi depi pasaj ak disipasyon tanpèt twopikal Emily; NHC resanse 4 zòn move tan ki ranje kò yo sou atlantik la soti depi zile Kapvè yo rive tou pre kòt Etazini.

Kat zòn move tan sou Atlantik la


Zòn move tan ki pi konsène nou an se sa ki pi pre kòt zile Kapvè yo. NHC ba li 40% chans pou l tounen yon tanpèt nan jou ki ap vini yo. Rès zòn move tan yo gen 40% pou youn ki nan mitan oseyan Atlantik la, yon lòt ki nan Nòdès ti Zantiy yo gen 20 chans epi dènye a ki tou pre kòt Etazini gen 30% chans pou l tounen yon siklòn.

@meteyo ak kontinye swiv sistèm sa yo de pre pou gade si y ap tounen siklòn.

Mèsi.
Jean Came Poulard (@meteyo)

mercredi 3 août 2011

Emily menase kòt Sid Ayiti

Imaj Satelit Emily
Apre Emily vinn baleye Matinik avèk gwo lapli, li twouve l maten a 7è a 295 km sid sidès Santo Domingo. Emily ap deplase nan direksyon lwès ak yon vitès de 22 km/h. Modèl NHC yo montre ke Emily ta sipoze touche tè nan lwès Santo Domingo, tou pre vil Bani epi deplase e antre an Ayiti nan zòn Plato Santral e dirije l sou Nò peyi a. Men mwen pa kwè se sa ki pral pase.

Previzyon @meteyo pou Emily.
Depi lè Emily te sou fòm 91L li te toujou bay anpil pwoblèm pou meteyològ prevwa sa l pra l fè. Depi fòmasyon Emily li ap defye tout modèl previzyon yo. Emily rete fèb e li toujou ap dirije l nan direksyon lwès, donk mwen panse ke li ka touche tè ant Ansapit al Tibiwon. Moun nan zòn Sidès ak Sid dwe rete pi veyatif ke moun tout lòt kote nan peyi a.

Ki pral enpak Emily?
Pi gwo menas Emily reprezante se gwo lapli. Modèl yo prevwa ant 150 al 200 milimèt lapli sou pifò zòn an Ayiti, avèk kèk kote izole ki ka resevwa jiska 250 milimèt. Pifò rivye nan peyi a riske desann.

Rete swiv konsiy otorite yo pou w ka konnen kisa pou w fè.

Jean Came Poulard (@meteyo)
Mèsi

mardi 2 août 2011

Alèt wouj sou Ayiti akòz pasaj tanpèt Emily

Tanpèt Twopikal Emily
Otorite meteyo Ayiti yo dekrete alèt wouj a tanpèt sou tout peyi a. Erezman ke nivo alèt la etabli bonè, paske modèl meteyolojik enfòmatik yo pèsiste ap montre ke Emily ap pran wout Ayiti tank tan an ap pase.
Modèl GDFL montre ke Emily ta dwe lonje kòt sid Ayiti, pandan ke NHC montre ke Emily touche tè baharona (Mèkredi swa) epi pase sou tèt Pòtoprens epi reparèt sou lanmè nan Gòlf Lagonav. Men pou kounye a fòk nou pa fè tèt cho, paske wout Emily ka chanje a nenpòt ki moman.
Kontinye swiv konsèy Otorite yo. M ap fè yon update aswè osinon padan jounen an si gen gwo chanjman nan Emily.
Jean Came Poulard (@meteyo)

lundi 1 août 2011

Tanpèt Twopikal Emily ap Menase Ayiti

Imaj satelit tanpèt Emily 

Tanpèt twopikal Emily fòme apre midi a 6h30. Li plase l a 80 Km nan lwès sidwès zile la Dominik. Emily ap deplase nan direksyon lwès ak yon vitès 28 Km/h. Van nan Emily gen yon fòs de 65 km/h.
Men tèsk alèt NHC a.

Gouvènman Ayiti a dekrete on alèt a vèy siklonik sou tout teritwa Ayiti. Alèt a vèy siklonik vle di ke kondisyon tanpèt [Gwo kout van ak gwo lapli] ka blayi sou Ayiti nan pwochen 48 èd tan ki ap vini la yo.


Modèl NHC yo montre ke tanpèt Emily ka touche Sendomeng nan yon zòn ki tou pre fwontyè ak Ayiti nan mèkredi aprè midi.

Ki enpak Emily pral genyen sou Ayiti

Emily riske pote anpil Lapli sou tout Ayiti, men li twò bonè pou n di ki zòn ki ap afekte pa lapli sa yo. Men premye modèl yo sanble montre ke depatman tankou Sant, Latibonit, Nòdès, Nò ak Nòdwès ka plis touche pa Tanpèt sa a nan sa ki konsène van ak gwo lapli.

N ap mande tout moun rete vijilan pandan nan veye pasaj Emily. @meteyo ap fè tout efò ki nan mwayen l pou kenbe tout moun enfòme sou kont twitter li. Kontinye fè zanmi w an Ayiti swiv meteyo sou twitter depi telefòn selilè yo pandan y ap voye ON METEYO nan 40404.

Mèsi Tout Moun Kenbe la pa lage.

Jean Came Poulard (@meteyo)