mercredi 29 juin 2011

Tanpèt twopikal Arlene Fòme yè swa sou kòt peyi Meksik

Tanpèt Twopikal Arlene

Finalman sezon siklòn 2011 lan demare tout bon yè swa avèk fòmasyon premye tanpèt twopikal pou sezon an ki pote non Arlene. A 7 di maten jodi a [29 jen 2011] Arlene te trouve l nan gòlf Meksik e li ap pran direksyon kòt nòdès peyi sa a. Otorite meksiken yo dekrete alèt pou tanpèt nan zòn nòdès peyi a epi y ap prepare yo pou fè fas ak van ak lapli ke tanpèt la gen ladan l. Arlene gen van ki gen fòs 65 km/h ladan l, li ka pran yon ti fòs ankò avan li touche tè bonè demen maten.

N ap soulinye ke Arlene pa menase nan okenn fason peyi Ayiti.

Mèsi
Jean Came Poulard @meteyo        
         

mercredi 15 juin 2011

Apre lapli se bo tan

Pwovèb kreyòl "Apre lapli se bò tan" jwenn tout sans lan li depi fen semèm pase a rive jodi a. Ayiti anba enfliyans yon zòn bon tan ki ta dwe dire jiska jedi swa pou rive vandredi.

Zòn bon tan sa a pral febli ak pasaj yon ond twopikal fèb entansite sou Ayiti ant Jedi swa pou rive vandredi. Pandan pasaj ond twopikal la li ka fè kè avès dispèse sou plizyè pwen nan peyi a. Lapli sa yo ki pral tonbe jedi ak vandredi pap vyolan menm jan ak semèn pase a.

Apre sa nan basen karayib gen yon zòn mas nyaj ak anpil lapli ki plase nan lès peyi Nikaragwa ak Kostarika. N ap swiv mas nyaj sa a pou ou, paske se la ke gwo lapli semèn pase yo te kòmanse.
Modèl enfòmatik meteyolojik yo pa montre ke pral gen siklòn nan pwochen 7 jou ki ap vini yo.        

Jean Came Poulard (@meteyo)          

mardi 7 juin 2011

10 moun mouri pou piti nan gwo lapli ki tonbe sou Pòtoprens 6 jen

Sa ki rete nan Zòn move tan ki rele 94L la.
Otorite pwoteksyon sivil Ayiti yo resanse pou piti 10 moun mouri nan gwo lapli ki tonbe sou Pòtoprens jou lendi 6 jèn 2011 lan nan apre midi ak bonè nan aswè. De (2) nan moun sa yo mouri nan efondreman yon kay. Gwo kout van ki akonpanye lapli sa yo lakòz anpil poto kouran ak pye bwa tonbe nan zòn tankou Petyon Vil. Prezidan peyi a te al rann moun anba tant chann mas yo yon vizit tou swit apre lapli a.

Èske lapli a ap kontinye ?
Malerezman mwen pa gen bon nouvèl pou nou sou kesyon sa a. Gwo lapli ap kontinye tonbe sou divès pati Ayiti jodi a ak lòt jou ki ap vini yo.
Yon mas nyaj nan sidès Pòtoriko 
Sitiyasyon jeneral la nan basen karayib la ap kontinye pèmèt gwo lapli blayi sou peyi san konte risk pou yon siklòn fòme toujou egziste byen ke li desann a 20% maten an.
Aktyèlman gen yon zòn move tan nan sidès Pòtoriko ki atire atansyon m, e mwen ap swiv li de pre pou nou wè kijan li ap reyaji nan lè ki ap vini yo.
Pou nou klè ak tou bagay, lapli yo ap kontinye tonbe e yo riske tonbe ak plis fòs nan jou ki ap vini yo. Plis n ap rantre nan sezon siklòn lan nou pral antre nan plis lapli ak plis potansyèl pou gen dega.

Nan yon pwochen blòg mwen ap pale e esplike poukisa gen tout dega sa yo apre lapli fini tonbe sou Pòtoprens.

Jean Came Poulard @meteyo
       
       

lundi 6 juin 2011

Sitiyasyon meteyo a konplike sou Ayiti

Gwo lapli ki ap tonbe sou Ayiti yo depi plis ke 5 jou fè yon di diminye jodi a (lendi 6 Jen) men sa pa ta dwe pou anpil tan. Zòn move tan ki lakòz lapli sa yo plis avanse sou zile Kayiman men nyaj ki ap mache avè l yo ap kontinye pase ak kèk moman lapli sou tèt zòn sid Ayiti.

Konbyen tan lapli sa yo pral dire ? 
Pou kounye a meteyològ yo poko gen yon ide a klè sou ki valè tan lapli a ta dwe ap vide sou Ayiti. Gen anpil chans pou zòn move tan an pèsiste jiska mèkredi. Gen posibilite tou pou yon ond twopikal pran la relèv mèkredi sou Ayiti epi kontinye bay lapli nan Jedi. Meyè bagay la se pridans pandan jou ki ap vini yo paske mwa jen sa soti pou li yon gwo mwa lapli sou Ayiti.

Jean Came Poulard (@meteyo)

vendredi 3 juin 2011

Sant bas presyon ap vide lapli sou Ayiti

Deboulonay te nan Potoprens (credit : @twitjako)
Mwen pa gen bon nouvèl pou Ayiti menm nan nouvo blòg sa a. Move tan ki kounye a nan sid Jamayik kontinye ap ponpe anpil gwo lapli sou tout teritwa Ayiti sitou deptman tankou  Sid -- Grandans -- Sidès -- Nip. Rapò mwen jwenn depi sou kont twite @stylepam fè m konnen ke lapli ki ap tonbe depi mèkredi nan vil Okay poko janm pase.

Pandan jounen jedi 2 jen an Pòtoprens resevwa lapli soti nan fèb al nan fò pandan tout jounen jiska zòn 6 zè nan aswè. Yo te sinyale o mwen yon deboulonay te nan zòn kafou fèy, chans pou tout moun pat gen viktim.

20 % chans pou yon siklon fome
Pou kounye modèl enfòmatik remete chans pou yon siklòn fòme a 20% apre yo te finn bese l a 10% yè swa. Dapre yon avi ke NHC pibliye sou sit wèb li, zòn move tan ki nan sid Jamayik la kontinye ap pi byen òganize l e van lwès ki nan wotè yo kontinye ap diminye, sèl pwoblèm ki lakòz kè li poko tounenn yon siklòn se yon mas lè sèch ki ap mantre andedan sistèm lan sou kote lwès li. Aktyèlman sistèm sa gentan gen estati "Invest" e yo rele l AL94. Dapre analyz e dapre eksperyans ke meteyològ yo genyen ak kalite sistèm sa yo, AL94 ap pran anpil tan anvan li tounen yon siklòn. Gen anpil chans pou lapli yo kontinye tonbe ak fòs sou Ayiti padan tout wikenn sa a ak kòmansman lòt semèn.
Imaj satelit basen karayib la
Mwen ka di san mwen pa riske twonpe m anpil ke AL94 ka kòmanse mouvman pou l tounen yon depresyon twopikal ant samdi ta nan aswè al lendi maten. Pandan tan sa li ap kontinye ponpe mas nyaj ak gwo lapli sou tout depatman peyi Ayiti.

N'ap mande tout moun pou yo rete vijilan ak pridan pandan peryòd soti jodi a 3 jen rive madi 7 jen .

Mèsi

Jean Came Poulard @meteyo    

jeudi 2 juin 2011

Gwo lapli pi rèd sou Ayiti

Imaj satelit mas nyaj ki nan sid Ayiti
Yon zòn move tan ak gwo lapli ladan l kontinye blayi kòl nan sid peyi Ayiti. Mas nyaj sa a ap voye gwo lpali sou tout depatman nan peyi a. Depatman Sid - Sidès - Grandans ta sipoze (dapre imaj satelit yo) resevwa pi gwo lapli yo pandan tout jounen an pou rive demen.

Zòn move tan sa ap deplase dousman nan direksyon Lès nan yon premye tan epi nan direksyon Nòdès an apre. Gen anpil chans pou lapli sa blayi sou Ayiti jiska lendi. 

Otorite yo dekrete alèt oranj, se yon premye pa. Men imaj satelit yo montre ke sistèm lan gen potansyèl pou bay menm valè lapli ak yon tanpèt twopikal, donk mwen panse li ta pridan pou yo ta monte nivo alèt la a wouj pandan jounen an ak demen sou depatman sid peyi a (depatman lwès la ladan l tou). 

Basen Karayib la

Imaj zòn move tan nan lès Nikaragwa
Modèl enfòmatik yo pa klè sou ki sa ki pral pase nan basen karayib la nan jou ki ap vini yo. De tout fason NHC bay sistèm ki nan lès Nikaragwa a 20% chans pou l tounen yon siklòn nan jou ki ap vini yo. Pandan ke mas nyaj ki nan sid Ayiti a yo pa entegre l nan kalkil yo. Opinyon pam se ke mas nyaj sa ap kontinye rete chita pou 48 al 72 èd tan ki ap vini yo sou sid Ayiti.

Jean Came Poulard (@meteyo)

mercredi 1 juin 2011

10% chans pou yon depresyon fòme sou kòt sid Ayiti


Yon zòn nyaj ak lapli dezòganize nan sidwès karayib la asosye ak yon gwo kre an sifas. Yon devlopman dousman sistèm sa posib depi ke van lwès an altitid yo vini favorab ant jedi nan aswè pou louvri vandredi.

Gen yon chans fèb (10%) pou sistèm sa a vini yon siklòn pandan ke l ap deplase dousman nan pwochenn 48 èd tan sa yo.

Moun nan peyi Ayiti dwe swiv evolisyon sistèm sa a.

Jean Came Poulard (@meteyo)

Sezon siklòn lan vle demare ak fòs

Sezon siklòn lan kòmanse ofisyèlman jodi premye Jen an. Sezon siklòn sa ke yo anonse ki pral bay plis siklòn ke yon sezon nòmal ta sanble vle kòmanse nan kous san pran souf. N'ap tounen sou prediksyon sa yo nan swit blòg sa a.

Sitiyasyon Basen Karayib la ak Atlantik la.
Depi yè swa NHC deklare yon zòn move tan ki trouve l sou kòt nòdès Florid kòm yon "Invest" ki pote non AL93. Dapre sit NHC a AL93 gen 30% chans pou l tounen yon depresyon osinon yon tanpèt twopikal. Kounye a AL93 ta dwe touche tè eta Florid nan kèk èd tan ankò. Pèsonèlman, mwen pa kwè ke li ap gentan devlope an Depresyon #1 ni Tanpèt Arlene anvan li rive sou Florid, men li gen chans fè sa nan Gòlf Meksik la nan fen semèn sa a oubyen kòmansman semèn pwochen. AL93 ap pote bon jan lapli sou zòn Nò Florid nan lè ki ap vini yo, sa ki ap yon bagay paske te gen yon sechrès ki te blayi sou zòn lan.

Zòn move tan nan Nò Panama a toujou poko ka òganize l jiska prezan. Yè swa li fè yon remonte nan direksyon Nò nòdès pou li rapwoche l de kòt sid Ayiti. NHC poko vrèman mete okenn mak sou sistèm sa a e n'ap swiv li pou ou. De tout fason menm si zòn move tan sa a pa tounen yon depresyon oninon yon tanpèt li gen anpil chans pou li pote anpil lapli sou Ayiti sitou nan zòn sid peyi a. Se pou sa ke otorite yo mete nivo alèt la a Oranj sa vle di lapli entansite fèb pou rive nan modere.

List non siklòn pou ane a
Chak ane oganizasyon mondyal meteyo mete lis non sistèm twopikal yo ta sipoze pran lè yo fòme. Men lis non ki disponib pou ane 2011 lan:

Arlene - Bret - Cindy - Don - Emily - Franklin - Gert - Harvey - Irene - Jose - Katia - Lee - Maria - Nate - Ophelia - Philippe - Rina - Sean - Tammy - Vince - Whitney

Prediksyon pou ane a
Ane sa a NHC fè prediksyon sa yo :
  • Ap gen ant 12 al 18 sistèm twopikal ak van ki depase 60 km/h 
  • 6 al 10 ladan sistèm sa yo ka Ouragan (van depase 118 km/h)
  • 3 al 6 ladan yo ka ouragan majè (sa vle di categori 3 al 5)
  • Chak entèval sa yo gen yon pwobabilite 70% pou yo rive.
N ap raple ke prediksyon sa yo pa verite absoli e se pa sou Ayiti ke yo prevwa ke siklòn sa yo pral pase.

Mwen ap poste yon lòt blòg demen maten si kondisyon yo vini pi mal nan basen karayib la.

Mèsi
Jean Came Poulard (@meteyo)