vendredi 30 septembre 2011

Ophelia se yon ouragan kategori 3 kounye a

Maten an a 11e Ophelia te twouve l a 1000 km nan Sid Sidès zile Bèmid. Ophelia gen van ki ap soufle ladan l a 185 km/h, li se yon ouragan kategori 3. Li ap deplase nan direksyon Nò Nòdwès ak yon vitès 19km/h.

Ophelia toujou ap sible bèmid nan trajektwa ke li ap pran pou kounye a.

Ophelia pa reprezante okenn menas pou Ayiti.

Yon lòt kote lapli ap kontinye tonbe sou Ayiti, sitou depatman tankou Sant, Latibonit, Sidès, Lwès, Sid, Nip ak Grandans. Laplis sa yo ka lakòz inodasyon lokalize nan zòn ki pi a risk nan peyi a. N ap mande tout mou rete vijilan epi swiv konsèy otorite yo.

Mèsi

Ophelia tounen yon ouragan Kategori 2 - Lapli ak kontinye sou Ayiti

Maten an a 7e Ophelia te twouve l a 1070 km nan Sid zile Bèmid. Ophelia gen van ki ap soufle ladan l a 165 km/h, li se yon ouragan kategori 2. Li ap deplase nan direksyon Nò Nòdwès ak yon vitès 15km/h.

Ophelia toujou ap sible bèmid nan trajektwa ke li ap pran pou kounye a.

Ophelia pa reprezante okenn menas pou Ayiti.

Yon lòt kote lapli ap kontinye tonbe sou Ayiti, sitou depatman tankou Sant, Latibonit, Sidès, Lwès, Sid, Nip ak Grandans. Laplis sa yo ka lakòz inodasyon lokalize nan zòn ki pi a risk nan peyi a. N ap mande tout mou rete vijilan epi swiv konsèy otorite yo.

Mèsi
Jean Came Poulard [@meteyo]

jeudi 29 septembre 2011

Entansite Ophelia ap ogmante

Imaj satelit Ouragan Ophelia

Ouragan Ophelia ap pran plis entansite nan fòs van ak nan gwosè Ouragan an. A 7e aswè a Ophelia te twouve l a 1235 km Si Sidès zile Bèmid. Van nan Ophelia ap soufle ak yon fòs 130 km/h, li ap deplase nan direksyon Nò Nòdès ak yon vitès 11 km/h. Ophelia ta dwe kontinye ap ranfòse l nan lè ki ap fini yo e li ka tounen yon Ouragan kategori 2.

N ap kontinye raple ke Ophelia pap menase Ayiti. Donk lapli ki ap tonbe pou kounye a sou peyi a pa gen anyen pou wè ak Ophelia.

Mèsi

Jean Came Poulard [@meteyo]        
         

Ophelia resisite e li tounen yon ouragan kategori 1

Ophelia ki te yon tanpèt ki te mouri nan fen semenn pase a te repran fòs ayè e te kontinye ap ranfòse l apre a midi a 4e li tounen yon Ourgan kategori 1. Ophelia se katryèm Ouragan ke sezon 2011 lan pote Kounye a Ophelia ap deplase nan Direksyon Nò Nòdwès ak yon vitès 15 km/h. Fòs van nan Ophelia rive a 120 km/h. Pou kounye Ophelia ap menase zile Bèmid kote otorite yo dekrete vèy a tanpèt sou zile sa a.

Ophelia pa reprezante okenn menas pou Ayiti.

Jean Came Poulard [@meteyo]  

lundi 26 septembre 2011

Siklòn pou sezon 2011 lan


Sa se lis non siklòn ki pase pandan sezon 2011 lan.






Se premye tanpèt pou sezon 2011 lan. Li te fòme nan Bè Dèkanpech nan gòlf Meksik.
Li egziste ant 29 Jèn pou rive premye Jiyè 2011. Li te touche tè nan peyi Meksik. Pi gwo entansite li te rive se 105 km/h. Kantite mò : 
Dega an $ US 0
  


















Se dezyèm  tanpèt pou sezon 2011 lan. Li te fòme nan nò Baamas epi nan lès eta Florid. 
Li egziste ant 17 jiyè pou rive 22 Jiyè 2011. Bret pat touche tè men li te degrade an yon tanpèt ekstra twopikal nan nò oseyan Atlantik. Pi gwo entansite li te rive se 105 km/h.
Kantite mò : 
Dega an $ US 0





















Se twazyèm tanpèt pou sezon 2011 lan. Li te fòme nan nò oseyan Atlantik e li te rete sou lanmè nèt pandan tout tan li te egziste. 
Li te egziste ant 20 jiyè pou rive 23 Jiyè 2011. Cindy pat touche tè men li te degrade an yon tanpèt ekstra twopikal nan nò oseyan Atlantik. Pi gwo entansite li te rive se 95 km/h.
Kantite mò : 
Dega an $ US 0





















Se katryèm tanpèt pou sezon 2011 lan. Li te fòme nan nò prèskil Youkatan [Meksik], li evapore sou Tekzas. Yon ti blag sou Don ki enteresan se jan NHC te pibliye avi piblik nimewo 11 li a sou Don ak tit sa a "Don lan mouri...."
Li te egziste ant 27 jiyè pou rive 30 Jiyè 2011. Don touche tè nan eta Tekzas epi li evapore brid sou kou. Pi gwo entansite li te rive se 80 km/h.
Kantite mò : 
Dega an $ US 0





















Se senkyèm tanpèt pou sezon 2011 lan. Li te fòme nan mitan lanmè karayib la. Emily te prezante yon gwo menas pou Ayiti men sete plis laperèz ke pwoblèm. Nan Pòtoprens Emily te sèlman bay kè kout van ki pat fè dega. Se sèl nan Sidès ke Emily te pote gwo lapli ak van. Pat gen moun ki te viktim de pasaj Emily malgre li te touche te sou vil Okay.
Li te egziste ant premye Out pou rive 7 Out 2011. Emily te touche tè nan tou pre lavil Okay men li te gentan prèske tounen yon depresyon lè sa a. Pi gwo entansite li te rive se 85 km/h.  
Kantite mò : 4 
Dega an $ US 5 milyon





















Se sizyèm tanpèt pou sezon 2011 lan. Li te fòme nan nò oseyan Atlantik la. 
Li te egziste ant 12 Out pou rive 13 Out 2011. Franklin pat janm touche te. Pi gwo entansite li te rive se 72 km/h.
Kantite mò : 
Dega an $ US 0




















Se setyèm tanpèt pou sezon 2011 lan. Li te fòme nan nò oseyan Atlantik la. 
Li te egziste ant 14 Out pou rive 16 Out 2011. Gert pat janm touche tè. Pi gwo entansite li te rive se 95 km/h.  

Kantite mò : 
Dega an $ US 0






















Se uityèm tanpèt pou sezon 2011 lan. Li te fòme nan nò fwontyè Ondiras ak Nikaragwa. 
Li te egziste ant 19 Out pou rive 22 Out 2011. Gert te touche tè nan peyi Beliz. Pi gwo entansite li te rive se 95 km/h.
Kantite mò : 
Dega an $ US 0





















Se nevyèm tanpèt twopikal pou sezon 2011 lan et premye Ouragan ke sezon sa a te bay. Irene te fòme nan lès ti zantiy yo jou kite 20 Out 2011 lan. Li te egziste soti 20 po rive 28 Out 2011. 
Irene touche tè plizyè fwa pandan wout li. Premye fwa a se nan Pòtoriko e lè sa a li te yon tanpèt twopikal. Dezyèm fwa a nan Kap Hateras Kawolin di Nò epi an dènye nan Long Island Nouyòk. 
Pi gwo entansite Irene te rive se van 193 km/h, li te klase kategori 3 pandan ke l t ap travèse Baamas. 
Irene te pote anpil lapli sou Ayiti sitou zòn Nò peyi a. Siklòn sa a tou te kreye anpil panik nan Etazini sitou li pase kèk jou apre te vinn gen yon tranbleman de te sou kòt lès etazini. 
Irene te lakòz 56 moun mouri Etazini, Pòtoriko, Ayiti (3), Sendomeng ak Kanada. 
Kantite mò : 56
Dega an $ US 10.1 Milya   
     
           
















Se dizyèm sistèm twopikal pou sezon 2011. TD10 fòme nan mitan Oseyan Atlantik la e li pat rive tounen tanpèt twopikal avan li disipe. 
Kantite mò : 0
Dega an $ US 0





















Jose fòme nan nò oseyan Atlantik la. Li te egziste soti 28 Out pou rive 29 Out 2011. Pi gwo van li te gen ladan l se te 72 km/h.
Kantite mò : 0
Dega an $ US 0




















Katia se dezyèm sistèm twopikal ki te rive nan estad Ouragan pou sezon 2011 lan epi li se premye ki te rive nan nivo kategori 4. Pi gwo van Katia te gen ladan l se 217 km/h. Katia te egziste ant 29 Out pou rive 10 septanm.   
Kantite mò : 3
Dega an $ US 157 Milyon






















Tanpèt twopikal Lee fòme nan gòlf meksisk nan sid eta Lwizyan. Pi gwo van li te gen ladan l se 95 km/h. Li te egziste ant 2 septanm pou rive 4 septanm.
Kantite mò : 21
Dega an $ US 250 Milyon






















Maria se twazyèm ouragan pou sezon 2011 lan. Pi gwo van li te gen ladan l se 130 km/h. Li te egziste ant 6 septanm pou rive 16 septanm 2011.
Kantite mò : 0
Dega an $ US 0






















Tanpèt twopikal Nate fòme nan gòlf meksisk nan Bè Dekanpech. Pi gwo van li te gen ladan l se 110 km/h. Li te egziste ant 7 septanm pou rive 11 septanm 2011.


Rina
Sean
Tammy
Vince
Whitne